Skip survey header
Haitian

Sondaj pou Paran ELE

Sondaj pou Paran ki nan Pwogram ELE

Chè Paran oswa Responsab Legal,

Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè (Department of Elementary and Secondary Education, DESE) ap fè yon revizyon woutin konsènan pwogram edikasyon pou moun k ap aprann anglè (ELE) lekòl ou a. Repons ou ap ede nou detèmine nan ki pwen lekòl pitit ou a respekte egzijans leta ak federal. Repons ak remak ou fòmèlman konfidansyèl.

DESE ap prepare yon rapò sou baz yon vizit nan lekòl pitit ou a ak patisipasyon paran menm jan ak ou. Sou demann ou, w ap kapab jwenn rapò sa a nan distri lekòl ou a oswa nan DESE. Kòm pa gen anpil paran ki resevwa kesyonè sa a, li enpòtan anpil pou ou fè nou jwenn repons ou pi vit posib.


Sensèman,
Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè
Biwo Aprantisaj Lang
75 Pleasant Street
Malden, MA 02148
6. Lè mwen te enskri pitit mwen an, lekòl la... (koche tout sa ki aplikab) *This question is required.
7. Èske pitit ou a gen yon pwofesè Anglè kòm Dezyèm Lang (English as a Second Language, ESL) *This question is required.
8. Nan ki nivo ou twouve kou ESL pitit ou a ap suiv la efikas? *This question is required.
8. Èske pitit ou a resevwa sipò nan kou syans, syans sosyal ak matematik pou l kapab reyisi yo?
  *This question is required.
9. Nan ki nivo ou twouve kou syans, syans sosyal ak matematik pitit ou a ap suiv yo efikas? *This question is required.
9. Si pitit ou a pa bezwen kou ESL ankò, èske lekòl la te enfòme ou konsènan desizyon an?
  *This question is required.
10. Èske lekòl la te enfòme ou sou fason pou ou antre nan Konsèy Konsiltatif pou Paran Elèv ki ap Aprann Anglè (English Learner Parent Advisory Council, ELPAC) li a?
  *This question is required.
11. Èske yo te envite ou antre nan ELPAC?
  *This question is required.
12. Èske ou se yon manm ELPAC?
  *This question is required.
13. Èske lekòl la te mande ou si ou bezwen sipò nan nivo lang (tradiksyon)?
  *This question is required.
14. Ki difikilte ou jwenn lè w ap kominike ak lekòl la oswa fanmi ki ap aprann anglè jwenn lè y ap kominike ak lekòl la? (koche tout sa ki aplikab)
  *This question is required.
15. Nan ki nivo ou twouve sipò lang lekòl la ofri pitit ou a efikas? *This question is required.
16. Èske w konnen lekòl pitit ou a DWE ofri ou… (koche tout sa ki aplikab) *This question is required.
17. Èske lekòl la te envite pitit ou a asiste epi/oswa patisipe nan pwogram ete ak/oswa divès kalte aktivite aprè lekòl tankou kou patikilye, atletis, fanfa, teyat, elatriye?
  *This question is required.
18. Si pitit ou a gen difikilte pou l travay lekòl, èske lekòl la te ofri pitit ou a plis sipò pou ede li? (Sistèm Sipò a Plizyè Nivo [Multi Tiered System of Support, MTSS]), elatriye)?
  *This question is required.
19. Si pitit ou a gen difikilte pou l travay lekòl, ki sipò nan lekòl la ki disponib yo ofri pitit ou a? (koche tout sa ki aplikab)
  *This question is required.
20. Si pitit ou a fè gwo nòt pou tout kou yo, èske lekòl la te ofri li kou ki pi difisil? *This question is required.
21. Èske ou santi yo akeyi ou nan lekòl pitit ou a lè ou vin chache l, lè ou vin nan reyinyon, elatriye?
  *This question is required.
23. Èske ou resevwa rapò tès metriz anglè (ACCESS) pitit ou a chak ane? *This question is required.