Skip survey header
Haitian

Aplikasyon pou patisipe nan seri gwoup fokis paran vityèl sou edikasyon miltileng NYC

Fòm aplikasyon pou seri gwoup fokis paran vityèl sou edikasyon miltileng


Èske w se paran yon elèv k ap aprann nan plizyè lang, ki gen ladan l yon moun k ap aprann lang anglè, ki enskri kounye a nan Lekòl Leta Vil Nouyòk (New York City Public Schools, NYCPS)? Èske ou vle pataje eksperyans ou fè epi ede prepare resous pou lòt fanmi tankou pa w la?

Biwo Elèv k ap aprann nan plizyè lang ap lanse yon gwoup fokis nan senk borough yo pou tande dirèkteman paran elèv k ap aprann nan plizyè lang nan pwogram ki gen ladan:
  • Edikasyon bileng nan de lang (Dual Language Bilingual Education, DLBE)
  • Edikasyon bileng pou tranzisyon (Transitional Bilingual Education, TBE)
  • Angle kòm nouvo lang (English as a New Language (ENL)
  • Edikasyon bileng espesyal (Bilingual Special Education, BSE)
  • Klas Lang etranje oswa lang eritaj
N ap chèche paran pou patisipe ki soti nan chak borough (The Bronx, Brooklyn, Manhattan, Queens, Staten Island) ki reprezante elèv nan klas K–12yèm ane epi ki reflete divès lang yo pale nan pwogram bileng NYCPS.  
 
  • 20 me 2025
  • 22 me 2025
  • 28 me 2025
  • 10 jen 2025
  • 12 jen 2025
  • 13 jen 2025 (Jou anplis pou si ap gen bezwen)

Kisa yon gwoup fokis edikasyon bileng ye?
Yon gwoup fokis edikasyon bileng se yon konvèsasyon nan aswè pandan 90 minit avèk lòt paran NYCPS, kote w ap gen opòtinite pou:

  • Pataje eksperyans ou fè pandan de premye ane pitit ou a patisipe nan yon edikasyon bileng. Anglè kòm yon nouvo lang, pwogram mondyal oswa lang eritaj
  • Reflechi sou sa ou te bezwen plis nan kòmansman pakou ou a
  • Ofri lide sou fason lekòl ak kominote ka sipòte fanmi tankou pa w la pi byen
  • Ede idantifye konsèy itil, kesyon enpòtan, ak mesaj pou nouvo paran k ap antre nan pwogram sa yo
Poukisa pou patisite?
Vwa ou pral fòme dirèkteman yon nouvo tiliv resous paran-a-paran kote se paran k ap fè li pou paran. Ti liv sa a pral:
  • Ede gide fanmi ki fèk enskri nan pwogram edikasyon bileng
  • Ofri sipò ak ankourajman ki enpòtan sou plan kiltirèl ak lengwistik
  • Selebre fòs ak avantaj fanmi elèv ki pale plizyè lang
Kiyès ki ka aplike?
Nou akeyi paran oswa responsab timoun ki enskri kounye a nan pwogram edikasyon bileng, anglè kòm yon nouvo lang, oswa pwogram eritaj, espesyalman pou moun ki:
  • Gen yon pwogram edikasyon bileng NYCPS (Arab, Bengali, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Japonè, Italyen, Polonè, Ris, Panyòl, Yiddish)
  • Gen timoun nan lekòl primè, presegondè oswa segondè
  • Vle sipòte lòt fanmi atravè eksperyans ak rakonte istwa
This question requires a valid email address.
6. Nan ki nivo klas pitit ou a oswa pitit ou yo ye? *Required
7. Èske pitit ou a se yon elèv k ap aprann lang anglè *Required
8. Èske pitit ou a enskri nan yon pwogram edikasyon bileng? *Required
Nan ki tip pwogram edikasyon bileng pitit ou a enskri kounye a? [Tcheke tout sa ki aplikab] *Required
Depi konbyen tan pitit ou a enskri nan yon pwogram edikasyon bileng? *Required
Ki lang pitit ou a pale nan pwogram edikasyon bileng lan? (Chwazi lòt lang prensipal pou ansèyman an anplis lang anglè) *Required
9. Èske pitit ou a enskri nan yon pwogram pou lang etranjè oswa nan yon pwogram lang eritaj? *Required
Ki lang nan pwogram lang etranjè yo oswa eritaj pitit ou a pale?
10. Ki lang ou pale avèk pitit ou a nan kay la? [Tcheke tout sa ki aplikab] *Required
  • * Required
13. Tanpri chwazi dat ou pi pito a pou patisipe nan gwoup fokis la (Chwazi tout sa ki aplikab) *Required
14. Mwen ap bezwen entèpretasyon nan lang sa a... *Required
15. Nan ki lang ou pi pito resevwa dokiman alekri? *Required