Administrasyon Healey-Driscoll la ak Konsèy
Gradyasyon nan Tout Eta a te pibliye yon estrikti
referans pou reyisit eskolè onivo eta a ki prepare tout elèv pou reyisit apre gradyasyon.
Estrikti sa a gen ladan sèt eleman ki mete aksan
sou ede elèv yo devlope yon baz akademik ki solid, demontre sa yo metrize nan matyè yo aprann yo, fè prèv kreyativite epi devlope konpetans pou yo rezoud pwoblèm lavi reyèl la. Se yon sistèm ekilibre ki valorize bonjan kalite akademik, konpetans pratik ak planifikasyon pèsonalize pou tout elèv, pou prepare yo pou reyisit kèlkeswa pakou yo chwazi pousuiv apre lekòl segondè.
Baz Solid
- Elèv yo konplete yon seri de kou ki konfòm ak egzijans admisyon pou edikasyon siperyè.
|
- Pou yo demontre yo metrize kontni kou a, elèv yo konplete yon kantite limite evalyasyon fen-kou (EOC) ansanm ak yon pwojè final oswa yon pòtfolyo.
- Kontrèman ak tès ki detèmine si elèv la pase yo, evalyasyon sa yo pa egzije pou yo pran diplòm yo, paske elèv yo pa bezwen pase yon EOC pou yo gradye. EOC yo se yon apwòch evalyasyon ki plis sible e ki plis adapte ak MCAS aktyèl lekòl segondè nou an.
- Pwojè final yo se tout pwojè yo ansanm, epi anjeneral yo gen ladan yo rechèch, yon devwa ekri, ak yon prezantasyon final.
- Pòtfolyo yo se koleksyon meyè travay elèv yo ki demontre metriz yo pou yon matyè espesifik oswa plizyè domèn disiplin.
|
Avni Briyan
-
Elèv yo kreye pwòp plan pa yo pou kolèj oswa karyè pwofesyonèl, yo ranpli fòmilè FAFSA oswa MASFA, yo aprann konpetans finansye, epi yo genyen sètifika merit.
- Aktyèlman, Massachusetts desène Sètifika Merit Eta pou Metriz Plizyè Lang bay elèv ki atenn yon wo nivo pratik ak akademik nan lang Anglè ak nan yon lang etranje pou rekonèt ke yo te etidye ak metrize de oswa plizyè lang anvan yo pran diplòm lekòl segondè yo.
| Rekòmandasyon sa yo reprezante estrikti ki pwopoze pou nouvo egzijans gradyasyon nan Massachusetts. Kounye a n ap chèche kòmantè nan men w pou nou ede gide desizyon esansyèl konsènan mizanplas ak chwa konsepsyon yo anvan nou pibliye rapò final la nan mwa jen 2026. Opinyon w pral ede asire ke egzijans sa yo ekitab, siyifikatif, epi adapte ak bezwen elèv yo, fanmi yo, edikatè yo, ak kominote ki ozalantou Commonwealth la. |
Sondaj sa a ta dwe pran anviwon 10-12 minit pou reponn li.
|
|
|
|