Skip survey header
Mòd vizyon ba Haitian

Aplikasyon pou manm Defansè piblik la ap nonmen

Eksplikasyon

Aplikasyon sa a se sèlman pou yon pòs manm Defansè piblik la ap nome nan yon konsèy edikasyon vil la. Gen kat konsèy pou vil ki reprezante kominote diskrè elèv yo:

  • Konsèy vil la pou lekòl segondè (Citywide Council on High Schools, CCHS), ki reprezante tout elèv lekòl segondè lekòl leta Vil Nouyòk;
  • Konsèy vil la pou elèv k ap aprann lang Anglè (Citywide Council on English Language Learners, CCELL), ki reprezante elèv k ap aprann lang Anglè;
  • Konsèy vil la pou edikasyon espesyal (Citywide Council on Special Education, CCSE), ki reprezante elèv ki gen yon Pwogram edikasyon endividyèl (Individualized Educational Program (IEP); ak
  • Konsèy vil la pou distri 75 (Citywide Council for District 75, CCD75), ki reprezante elèv k ap resevwa sèvis edikasyon espesyal ki nan distri 75.

Tanpri ale nan Borough President & Public Advocate Appointee Applications pou jwenn yon aplikasyon apa pou pòs Prezidan borough a nome nan Konsèy edikasyon kominotè yo .

Ou elijib pou yo nome w nan yon konsèy vil si w abite nan Vil Nouyòk ak si w gen anpil eksperyans oswa anpil konesans nan domèn w ap aplike a. Ou pa bezwen gen yon timoun nan lekòl. Pou detay sou elijiblite, ale nan Borough President & Public Advocate Appointee Seats oswa imèl nou nan Elections2025@schools.nyc.gov

Depatman edikasyon (Department of Education, DOE) pral deside si w elijib epi voye aplikasyon w lan ba Defansè piblik la pou desizyon final la. Y ap fè w konnen desizyon DOE a pa imèl; apresa pou tout kesyon kontakte biwo Defansè piblik la lè w rele nan (212) 669-7200 oswa lè w voye yon imèl nan reception@advocate.nyc.gov

Aplikasyon sa a pa konsève done yo epi yo dwe ranpli li nan yon sèl sesyon. Nou ta konseye w fè deklarasyon kandida a nan yon dokiman Word separe epi kopye (copy) ak kole (paste) vèsyon final ou a nan seksyon deklarasyon kandida a