Bwat resepsyon (inbox) ak disk (drives) ankomen pou paran lidè
Apati 2025, yo pral bay tout Asosyasyon paran (Parent Association, PA)/ lidè Asosyasyon pwofesè-paran (Parent Teacher Association, PTA) ak paran lidè Tit I (Prezidan PAC yo, reprezantan prezidan PAC yo, itilizatè COPS yo) kont @DOEexternal.nyc endividyèl. Anplis, yo pral bay tou tout òganizasyon paran lidè (ladan òganizasyon paran distri yo) yon inbox ak drive ankomen ke paran lidè ka jwenn aksè atravè kont endividyèl li yo.
Tanpri itilize fòm sa a pou di ki paran lidè ki bezwen aksè nan inbox oswa drive distri a. Sonje y ap tou genyen adrès imèl ou lè w ranpli fòm sa a. N ap kontakte w sèlman si nou gen kesyon oswa pwoblèm avèk repons ou bay yo.
Kowòdonatè paran yo dwe ranpli fòm sa a pou prezidan/ko-prezidan (paran lidè) & prezidan/reprezantan prezidan (paran Tit I yo) ki kounye a pa gen aksè nan inbox ak drive ankomen an.
Prezidan/Ko-Prezidan ak/oswa Prezidan/reprezantan prezidan yo dwe ranpli fòm sa a pou lòt paran ki nan lekòl li a ki bezwen jwenn aksè nan inbox oswa drive ankomen an.
Pou kesyon, kontakte tech@schools.nyc.gov.
1. Ki non w ak DOE email imèl (kowòdonatè paran) oswa DOEexternal.nyc (prezidan/Ko-prezidan oswa prezidan/reprezantan prezidan)ou a? (N ap itilize sa a pou kontakte w si nou gen kesyon sou fòm ou voye ale a.) *Required
2. Tanpri mete tout enfòmasyon enpòtan sou paran lidè ki bezwen aksè nan inbox ankomen onivo distri a.
- Si yon paran lidè bezwen aksè nan inbox ankomen plizyè òganizasyon paran lidè (Parent Leader Organizations, PLO), tanpri mete chak PLO nan yon wòl diferan.
- Enter "N/A" in empty cells
- Si w bezwen yo ajoute plis pase senk kont pou ou, tanpri ranpli fòm sa a ankò.
*Required
TANPRI SONJE:
Pou paran lidè:
Moun k ap jwenn aksè nan inbox ak drive ankomen an se sèlman paran lidè ki nan sistèm enfòmasyon kote pou kontake lidè paran lekòl (School Parent Leadership Contact Information System, SPLCI) ki gen yon kont DOEexternal.nyc. Si non paran lidè a pa ekri "jan li ye" nan SPLCI a, nou p ap kapab ba li aksè.
Pou paran lidè Tit I yo:
Yo ka bay aksè sèlman avèk paran lidè ki sou pòtal iPlan lan epi ki gen yon kont DOEexternal.nyc . Si non paran lidè an pa sou pòtal iPlan lan, nou p ap ka ba yo aksè.