Entwodiksyon
Repons ou yo pou sondaj sa a pral ede nou konprann pi byen kijan ou itilize pwogram Angajman Kowòdone pou Fanmi ak Kominote (CFCE) ak kijan Commonwealth Massachusetts la ka pi byen sipòte fanmi yo alavni. Li enpòtan pou nou tande ou, pou rezilta sondaj yo reflete seri eksperyans yo atravè eta a ak pwogram CFCE endividyèl yo.
Depatman Edikasyon ak Swen Bonè a (EEC) pral itilize enfòmasyon yo kolekte nan repons ou yo pou amelyore pwogram CFCE yo epi pou fè rapò bay entèvenan kle yo sou sitiyasyon edikasyon ak swen bonè nan kominote lokal yo. EEC ka pataje repons sondaj yo avèk anplwaye EEC ak chèchè EEC apwouve yo, oswa jan règleman divilgasyon piblik yo egzije sa.