An Janvye 2025, Gouvènè Maura Healey te diyen yon Dekrè Egzekitif pou etabli yon Konsèy Gradyasyon nan Tout Eta pou K-12 Massachusetts, ki gen tach fè rekòmandasyon sou kijan Massachusetts ka asire tout elèv yo gradye avèk ladrès ki nesesè pou yo reyisi nan inivèsite, nan karyè yo, ak nan lavi sivik, kèlkeswa orijin oubyen lokal yo, epi demontre kalite sa yo atravè yon seri atant ki konsistan nan tout eta a. Konsèy la pral fè rekòmandasyon pou Gouvènè a ak palman eta a pou nouvo egzijans nan tout eta a pou gradyasyon nan lekòl segondè. Pou enfòme rekòmandasyon yo, Konsèy la kolabore avèk Public Consulting Group LLC (PCG) pou chache kontribisyon nan men manm kominote a nan tout Massachusetts.
Nou atann sondaj sa a pral pran apeprè 7 a 10 minit. Sondaj la pral fèman jou 30 Jen.
Nou apresye kontribisyon w!