Bonjou!
Mèsi paske w te pran tan pou w pataje panse w sou bezwen ak sèvis swen sante nan kominote w la.
Kisa sondaj sa a ye? Harbour Health Services vle pi byen konprann moun nan kominote a, opinyon yo, ak eksperyans yo nan jwenn swen sante. Sondaj la pral pran apeprè 5-7 minit. Sondaj la pral poze w kesyon sou tèt ou, sou eksperyans ou genyen ak Harbour Health, ak sante an jeneral. Pou pran sondaj la, ou dwe gen 18 ane oswa plis.
Ki avantaj ki genyen lè w patisipe nan sondaj la? Enfòmasyon sondaj la ede ap Harbour Health ak planifikasyon alavni pou sante kominote a. Tout moun ki pran sondaj la ka antre nan yon tiraj pou youn nan kat pri yo. Pri a se yon kat kado Visa $100. Nan fen sondaj la, w ap gen opsyon pou klike sou yon nouvo lyen pou antre nan tiraj la. Enfòmasyon ou bay pou antre nan tiraj la pap konekte ak repons sondaj ou yo.
Èske mwen oblije patisipe? Se oumenm ki deside si w ap patisipe nan sondaj la (volontè). Si ou deside pa patisipe, ou p ap pèdi okenn dwa oswa aksè nan sèvis yo.
Èske mwen oblije reponn chak kesyon? Patisipasyon w volontè. Tanpri konsidere reponn tout kesyon yo pou ede nou jwenn yon konpreyansyon konplè sou opinyon ou yo. Wap toujou kapab antre nan tiraj la si ou sote kesyon yo, men ou dwe rive nan fen sondaj la pou antre nan tiraj la.
Èske repons mwen yo pwoteje? Repons ou yo pral anonim, sa vle di pèsonn p ap kapab idantifye w nan repons ou yo. Repons ou yo p ap chanje okenn nan sèvis aktyèl ou jwenn nan men òganizasyon ki nan zòn ou an.
Kimoun pou m kontakte? Si w gen nenpòt kesyon oswa si ou bezwen èd ak sondaj la, tanpri kontakte Courtney Page nan 603-573-3308. Ou ka imèl kesyon ou yo tou nan courtney_page@jsi.com.
Nou apresye èd ou!